SKIP TO CONTENT
a building with a sign on it
intro texture

karye-dirabilite

Pwogram Enspire pa Lanati

Pwogram Enspire pa Lanati a se angajman nou pou sipòte ekoloji ak anviwònman an nan The Palms Hotel & Spa. Li establishing prensip epi li bay gid pou rann operasyon nou yo pi respektè anviwònman an posib, pou n ka diminye enpak nou sou anviwònman an, ni lokalman ni nan tout mond lan. Tanpri pran pa nan efò nou yo pou:

Refize

a logo of a food container
SAK, BOUTÈY, RESIPYAN AK KOUTO/FOUSÈT PLASTIK K I ITILIZE YON SÈL FWA
a no plastic bag sign
STYROFOAM
a no smoking sign
CHALIMO PLASTIK

Redwi

Itilizasyon Dlo

  • Minimize kantite dlo w ap itilize. Pa kite wobinè a ap koule!
  • Zbòd epi swiv pwogram reitilizasyon sèvyèt ak dra nan chanm yo. Chak sèvyèt ki reitilize ekonomize 3 galon dlo, epi chak dra ki reitilize ekonomize 4 galon dlo!
  • Si w wè yon wobinè k ap degoute osinon yon twalèt k ap koule nan otèl la, fè sipèvizè w la konnen touswit.

Itilizasyon Enèji

  • Mete tanperati èkondisyone (AC) nan biwo yo sou 75°F.

  • Nan chanm ki gen kliyan, kite tanperati èkondisyone a sou nivo kliyan an mande a.

  • Mete tanperati èkondisyone nan chanm ki pa gen moun sou 73°F.

  • Nan sal reyinyon ki vid yo, kite èkondisyone a sou 75°F. Rafrechi sal la sèlman anvan yon evènman kòmanse. Pou gwo sal yo, pa desann pi ba pase 70°F; pou ti sal yo, pa desann pi ba pase 72°F.

  • Etenn limyè, vantilatè, radio ak ekran yo lè w ap kite yon biwo, yon chanm kliyan, oswa yon sal reyinyon.

  • PA ETENN ÒDINATÈ AK ENPRIMAN YO.

Itilizasyon Plastik

  • Evite itilize resipyan plastik ki sèvi yon sèl fwa (tankou boutèy dlo).
  • Evite itilize tas kafè ak gode bwason ki sèvi yon sèl fwa. Pote pwòp tas pa w.

  • Refize kouto, fouchèt, ak kouvè plastik ki sèvi yon sèl fwa!

  • Evite achte materyèl ki vlope ak twòp plastik oswa styrofoam.

Itilizasyon Papye

  • Kongite de fwa anvan w enprime! Gade si enprime a nesesè vre.
  • Enprime sou tou de bò (recto-verso) — esepte si enprime sou yon sèl bò nesesè.

  • Reitilize papye pou pran nòt.

Emisyon Gaz ki Bay Efè Dè Sè

  • Konsidere itilize transpò piblik, trotinèt elektrik, oswa bisiklèt si w rete toupre.

  • Konsidere fè kovalitiraj (pataje machin) oswa achte yon machin elektrik si w ap vwayaje nan machin.

  • Achte manje, bwason, rad, ak kado ki fèt nan zòn nan (lokalman).

a group of objects on a table

Redwi & Reitilize

Eseye redwi kantite plastik ou itilize ak kantite fatra ou pwodui. Chwazi veso, sak, vè, chalimo, ak tas ki ka reitilize pito w itilize sa k jetab yo.

a woman holding a blue recycle bin

Resikle

Itilize poubèl resiklaj ki rezève pou:

  • Bwat aliminyòm ak bwat konsèv (Cans)
  • Vè (Glass)
  • Papye (Paper)
  • Plastik (boutèy ak resipyan) (Plastic - bottles and containers)
  • Katon (ak tout bwat ji & bwat lèt) (Cardboard - including juice & milk containers)

Remak: Mete sèlman bagay ki PWÒP nan poubèl resiklaj yo.

a green recycle bin with a recycle symbol on it

Resikle Sak Plastik

Itilize poubèl vèt ki rezève pou resiklaj sak plastik pou tout kalite anbalaj plastik tankou:

  • Tout kalite sak plastik, tankou sak pressing ak sak pou twal kabann (All plastic bags including dry cleaning and linen bags)
  • Anbalaj plastik (tankou sa ki vlope papye twalèt, sèvyèt papye ak essuie-tout) (Plastic packaging...)
  • Film plastik ak anbalaj ki vlope kès livrezon (Overwrap from shipping cases...)
  • Sak Ziploc ak lòt sak ki ka referme (san zèpòl/fermati l) (Ziploc and re-sealable bags...)
  • Sak pen ak sak pou fwi/legim (Bread and produce bags)
  • Sak sereyal (men pa sa ki anndan bwat yo) (Cereal bags...)
  • Anbalaj journal, sak glas, ak sak sel (Newspaper sleeves, ice bags, salt bags)

Remak: Mete sèlman bagay ki PWÒP nan poubèl resiklaj yo.

a stack of styrofoam food containers

Pa Resikle

  • Fatra

  • Manje
  • Styrofoam
  • Kouvè jetab (plastik, lanmidon mayi, bwa)
  • Byoplastik
  • Atik jetab ki ka konpostab
  • Tas kafè jetab, gode bwason, oswa resipyan ki pa pwòp

Kote pou Depoze yo:

  • Nan Sèvis Enjenyeri (Engineering): Batri ki sèvi ak anpoul ki kase.
  • Nan Sèvis Housekeeping: Sènt pou rad ki fèt an metal.
  • Nan Sèvis Entèfase Teknoloji (IT): Aparèy elektwonik ki sèvi oswa ki kase.
  • Nan Sèvis Resepsyon Marchandiz (Receiving): Kartouch tonè ki sèvi.
a woman putting food into a trash can

Konpost

Konpostaj se fason lanati resikle; kote materyèl òganik yo transfòme an yon angrè natirèl ki sèvi pou anrichi tè ak plant yo. Gras ak konpostaj nou ka:

  • Empèche fatra manje ale nan matyè fatra (depotwa) yo epi evite emisyon gaz ki bay efè dè sè.
  • Nouri tè a san nou pa sèvi ak angrè chimik.
  • Ekonomize dlo lè nou kreye yon tè ki an sante.

Men sa nou ka mete nan konpostaj la:

  • Fwi ak Legim
  • Koki Zwazo (Koki Ze)
  • Pen ak Patisri
  • Vyann, Bèt, ak Zo
  • Grenn (diri, sereyal, elatriye)
  • Pat (spageti, makawoni, elatriye)
  • Koki Bivalv (Koki Krab, Lanbi, elatriye)
  • Koki Gous ak Nwa
  • Fèy ak Dechè Jaden / Plant
  • Sak papye mawon ak papye ki pa briyan
  • Sèvyèt papye ak Essuie-tout
  • Mar Kafe + Filte ak Sak Te

ENPÒTAN ANPLIS:

  • Gode Byoplastik Konpostab (si yo gen sètifikasyon BPI oswa se gode World Centric ki soti nan zòn pisin ak plaj nou an)
  • Chalimo ki fèt ak Pat (Pasta Straws)
a woman wearing a backpack and holding a face mask

Jete Fatra

Jete tout bagay ki pa ka ni reitilize ni resikle nan poubèl fatra yo. Pa jete fatra atè!

Chonje: Tout fatra ki jete nan lari ak sou trotya yo ap fini nan baie a (lanmè a)! Sa gen ladan l bout sigarèt yo tou.

a person putting a can into a trash can

Panse An Vè

Pwogram Rekonpans "Panse An Vè" nou an gen pou objektif pou ankouraje yon kilti konsèvasyon anviwonman an lè li rekonèt ak rekonpanse WOU pou bon abitid ou genyen ki pwoteje lanati. Sèvi ak fason pou ekonomize enèji, diminye fatra, resikle, ak lòt bon konpòtman anviwonmantal pou w ka jwenn rekonpans! Depi w fin ranmase 10 autokolan (stickers), ou ka kòmande divès kalite rekonpans. Nan fen ane a, moun ki gen plis rekonpans yo ap ka gen chans pou yo jwenn pi gwo rekonpans annyèl yo. Vin pi konsyan de anviwonman an epi ede n diminye emprent ekolojik nou!

two women walking on the beach

Fè Pa W La!

  • Ranmase fatra lè w ale sou plaj la oswa nan yon park.

  • Paspikip nan netwayaj plaj kominotè oswa sa otèl la òganize.
  • Enplike w nan lòt inisyativ sosyal pou ede kominote a.

OU JWE YON WÒL KI TRÈ ENPÒTAN NAN PWOGRAM NAN!

Jwenn tout Politik Dirabilite nou an sou Paycom.

Voye yon imèl ban nou ak nenpòt sigjesyon nan green@thepalmshotel.com